Kontribitè yo:
(+3) lòt
Anviwonman

Ekosistèm ak ekoloji

Yon EKOSISTÈM gen pou wè ak relasyon ki genyen ant yon èt vivan e anviwonnman l. Nou jwenn ekosistèm patou nan diferan zòn kou nan diferan kalte anviwonnman, sòti nan dezè pou rive nan lanmè.


Pa ekzanp nou jwenn ekosistèm sou tè tankou bèt ak plant nan raje yo ; nou jwenn ekosistèm anba tè tankou bakteri mikwòb ki kole nan rasin pyebwa yo oswa vètè wouj ki rete anba tè fre yo ; nou jwenn ekosistèm nan lanmè nan diferan pwofondè — pa ekzanp , nou ka jwenn krab anba nèt nan sab anba lanmè yo kote ki fennwa kou vè lanp pandan labalèn yo menm pa ka viv fon kon sa anba lanmè a paske yo bezwen pou yo monte an wo sifas lanmè a pou yo vin pran souf ase souvan sinon y ap neye. Menm nan lè a nou konn jwenn ekosistèm paske gen bakteri ki rete an sispansyon nan lè a epi gen jèm plant tou ki konn pran woulib sou van k ap vante pou yo vwayaje al jèmen lòt kote.


Tout ekosistèm yo ap evolye anndan yon manman ekosistèm ki rele BIYOSFÈ, ki regwoupe tout èt vivan sou latè. Anba nivo sa, nou jwenn PEYIZAJ yo kòm plizyè ekosistèm ki an relasyon youn ak lòt, epi anba nivo ekosistèm nan, nou jwenn KOMINOTE yo (plizyè espès ki an relasyon anndan yon ekosistèm), apre sa POPILASYON yo (chak popilasyon gen yon sèl espès), e nou ta ka menm desann pi ba toujou.


EKOLOJI se yon syans k ap chèche konprann ekosistèm yo ak relasyon k ap devlope anndan yo oswa antre yo. Li poze anpil kesyon sou yo e chèche reponn yo, tankou: Ki faktè ki kreye divès kondisyon nou jwenn anndan ekosistèm yo? Kòman faktè sa yo afekte konpòtman èt vivan yo? Ki kalte èt vivan ki ka viv yon kote, oswa konbyen èt vivan yon anviwonnman ka sipòte?


Pa egzanp, si ou rete Savann Dezole kote ki pa gen dlo, ou konnen ou pa ka leve yon bon maten epi ou di ou pral plante DIRI. Rezon an se paske plantasyon diri mande marekaj dlo kifè yon kote sèk tankou Savann Dezole pa ka sipòte yon plantasyon kon sa. Poutan si se lalwa oswa rakèt ou gen lentasyon plante, ou ka plante yo savann dezole paske kalte plant sa yo leve byen nan dezè kote ki manke dlo oswa kote ki toujou fè cho. Se menm bagay la pou legim tankou powo, bètrav, yo gen plis chans leve sou tèt mòn Kenskòf kote li fè fre pase yo ta gen chans leve nan tè sèk, tè wòch nou jwenn savann dezole yo. Men menm koze chalè sa a afekte bèt nan dlo tou. Kalte pwason w ap jwenn Pestèl nan sid peyi d Ayiti, se pa menm kalte pwason sa yo w ap jwenn nan zòn kot nò peyi Kanada. Klèman dlo ak tanperati ka di nou ki kalte bèt oswa ki kalte plant nou ka jwenn nan yon zòn.


Nou pa ka kòmanse diskite reyalite ekolojik yo san nou pa fè yon bèl rale sou zafè KLIMA a paske kondisyon klimatik yo se youn nan pi gwo faktè nou jwenn nan yon ekosistèm e ki dikte repatisyon èt vivan yo.

Gran tit sekyon yo

Ki sa nou rele yon klima?

Menm si van p ap vante , nou ka santi yon gaz antoure nou, se pa vre ? Depi nou jis voye men nou , n ap santi l , se pa vre ? Sa nou santi a se kouch gaz ki antoure latè a , nou rele l “ ATMOSFÈ “. Ebyen se sa ki ap pase nan atmosfè a tankou faktè tankou tanperati ak presipitasyon ( lapli , nèj e latriye ) ki mete ansanm pou fòme klima yon zòn.


Li enpòtan pou nou konnen gen yon diferans ant TAN e KLIMA. TAN se kondisyon meteyolojik nou wè chak jou yo ( meteyolojik konsène tout fenomèn ki ap dewoule nan atmosfè a ). Pa ekzanp si nan menm zòn nan , jodi a nyaj yo bare solèy la epi li fè yon jan sonb deyò a oswa lapli tonbe demen pandan aprè demen syèl la ble tout lajounen , tout sa yo dekri diferan TAN — tan nou konn rele BON TAN ( lè nou jwenn bon jan frechè deyè a kote li pa twò frèt ni twò cho ) oswa MOVE TAN ( gwo van lapli kote loray ak zeklè ap fè timoun kou granmoun pè ). Pandan TAN ka chanje jou apre jou , KLIMA a li menm li pi estab paske li detèmine kòman tan yo gen plis chans ye pou tout ane. Pa ekzanp , zòn pre POL Latè gen KLIMA FWA pandan zòn ki pre EKWATÈ gen KLIMA CHO. Se sa ki fè yon peyi ka gen rejyon ki gen diferan klima sitou si peyi a gwo ase kote yon pati l pre pol nò pandan yon pati l pre ekwatè. Nou wè yon bagay kon sa nan peyi Etazini kote rejyon NÒ ( tankou Alaska ki prèske toujou frèt ) ak regyon SID ( tankou Florid ki prèske toujou cho ) gen diferan klima.

Gen plizyè faktè ki mete ansanm pou fòme yon klima tankou sa yo : ki kantite enèji chalè atmosfè a konsève ( kenbe nan li menm ) , ki wotè zòn nan pa rapò ak nivo lanmè a ( altitid ) , kòman van oswa kouran dlo lanmè yo transpòte enèji chalè e kòman tout bagay sa yo mete ansanm pou detèmine ki kalite presipitasyon ( tankou lapli ak nèj ) yon zòn resevwa e nan ki kantite. Men fòm geyografik yo afekte klima tou tankou plèn dezole lwen lanmè oswa zòn montanye pre lanmè.


Klèman se chalè ki pi gwo faktè a — e chalè sa a , li sòti dirèk dirèk nan solèy la. Kifè li pa siprenan pou nou reyalize sila : sa ki plis afekte kondisyon klimatik ak meteyolojik sou latè se ekzateman rezon limyè ak chalè k ap sot nan solèy la ki vin jwenn nou sou latè. Men paske diferan gaz abzòbe chalè oswa reflete limyè nan diferan fason , ki kalte gaz nou jwenn nan atmosfè a afekte kondisyon klimatik yo tou paske sa yo ka afekte tanperati a ki se ekzakteman sa nou pral wè nan fenomèn nou rele EFÈ KAY VITRE a.

Efè kay vitre

Tanperati sou latè rete nan nivo tanperati vivab yo paske latè gen yon CHANDRAY NATIRÈL k ap pwoteje l. CHANDRAY sa pa lòt bagay plis pase ATMOSFÈ a. Kwake nou pa remake sa , atmosfè a se yon melanj gaz ki fòme l : oksijèn , nitwojèn , kabòn dyoksid , metàn , vapè dlo ( imidite ) e latriye. Twa dènye yo ak kèk lòt gaz abzòbe chalè nan yon fason ki pèmèt yo regilarize tanperati latè tankou yon tèmostat. Jan yo fè l ta tankou jaden nou konn jwenn nan KAY VITRE yo. Se sa ki fè nou rele efè a EFÈ KAY VITRE. Menm jan nan sezon fredi , yon kay vitre rechofe plant yo , se kon sa gaz sa yo konsève ( kenbe anndan yo ) enèji chalè pou rechofe planèt nou an. Si gaz sa yo pa te abzòbe OND ENFRAWOUJ yo jan yo konn fè l la , tanperati Latè t ap 30 °C pi ba pase jan l ye a — yon refwadisman ki t ap gen yon gwo enpak sou BIYOSFÈ a.


Ki jan fenomèn EFÈ KAY VITRE sa dewoule menm ? Ebyen reyon limye solèy la degaje yo pase nan atmosfè a pou vin frape sou sifas latè. Pi fò reyon limyè solèy ki pase nan atmosfè a pou vin frape sifas latè rebondi pandan yo tou chanje fòm sòti nan enèji limye pou ale nan enèji chalè. Men gaz sa yo pa kite enèji chalè pase nan yo jan yo kite enèji limye pase byen fasil la. Sa vle enpe nan enèji chalè ki rebondi yo ( ki an monte an wo pou al nan lepas ) ap rive trape nan gaz sa yo. Kifè gaz sa yo rechofe latè menm jan yon kay vitre rechofe plant ki anndan l yo paske reyon enèji limyè solèy la ki pase nan vit la tounen chalè lè yo frape sou sifas ki anndan kay vitre yo kote lè ki anndan kay vitre a trape yon pati nan enèji chalè sa ki an retou vin kenbe plant pi cho pase jan yo t ap ye deyò oswa nan yon kay nòmal.

Efè latitid sou klima yo

LATITID se yon seri sèk paralèl nou imajije ki kouwone sifas Latè sòti nan mitan desann an ba , sòti nan mitan monte an wo. Sa ki pi laj la kidonk sa ki nan mitan ren Latè , nou rele li EKWATÈ. Sonje aks wotasyon Latè yon ti jan panche. Kifè reyon limye solèy la degaje yo ap rantre frape diferan rejyon nan yon ang ( ang ensidans lan ). E ang sa ap chanje pandan tout ane. Kifè pandan tout ane a , depi l fè midi , solèy la twouve l dirèk dirèk sou tèt ekwatè. Paske reyon solèy gen plis chans frape zòn zòn ekwatè yo dirèk dirèk , zòn sa yo jwenn plis reyon ki pi entans. Kifè yo fè pi cho pandan tout ane a pase zòn ki pi pre 2 pol yo.


Se ekzateman paske diferan latitid resevwa diferan kantite chalè ak reyon solèy ki fè diferan zòn sou latè gen diferan klima. Anfèt , latè separe an twa gwo regyon klimatik :


TROPIKAL , TANPERE AK POLÈ

Zòm polè yo se kote ki frèt paske reyon solèy yo rantre kote sa yo nan yon ang ki ba. Nou jwenn zòn sa yo nan anvwazinay 2 pol yo kidonk Pol Nò ak Pol Sid ant latitid 66.5° e latitid 90° pandan zòn tanpere yo yo menm yo ant zòn tropikal yo e zòn polè yo. Paske , pandan tout ane a , ang insidans lan varye plis nan zòn tanpere yo , klima zòn sa konn pwodui tan cho kou tan frèt ( sezon ). E paske zòn twopikal yo yo menm , yo twouve yo ant

23.5° Sid e 23.5° Nò. E paske yo resevwa reyon solèy yo prèske dirèk dirèk pandan tout ane a , zòn sa yo prèske fè cho pandan tout ane a tou.

Kòman transfè enèji chalè a afekte biyosfè a

Nou fenk wè kòman diferan rejyon sou Latè resevwa diferan kantite chalè. Se diferans sa menm ki fè nou wè van vante e se li tou ki pwodui kouran dlo lanmè yo tou. Fenomèn sa yo baze sou yon konsèp ki rele KONVEKSYON : kouch lè ki pi cho a ap chache pou l monte an wo pandan kouch lè ki pi frèt la li menm l ap chache pou l desann an ba. Se lè k ap monte yo ak lè k ap desann yo ki mete ansanm pou pwodui sa nou rele van an ki pa plis pase kouch lè k ap bouje. Se mouvman van sa yo menm ki fè chalè ap sikile nan atmosfè. E paske van yo ap fè chalè a sikile , van yo vin youn nan faktè ki afekte kondisyon klimatik yo paske van ka parèt sou fòm van frèt kou sou fòm van cho. Nou jwenn menm fenomèn konveksyon an nan sa ki ap pase lanmè yo tou. Dlo frèt ki pre pol yo desann pou yo vwayaje paralèl pa rapò ak sifas an ba lanmè a pou yo vin remonte ankò lè yo rive nan zòn ki fè pi cho yo. Kouran dlo k ap kouri sa yo transpòte chalè menm jan ak van k ap vante yo. Ki fè yo ka afekte klima nenpòt mas tè ki pre yo. Pa sèlman van ak kouran dlo lanmè ka afekte klima nan yon zòn men jeyografi yon zòn ( gwosè oswa tip teren an ) gen efè sou van ak kouran dlo yo tou. Pa egzanp , prezans yon montay ka vin fè vapè nan lè a monte pou l vin konsantre jouk li refwadi ( kondansasyon ). Kouch lè refwadi sa vin tounen lapli ki tonbe nan zòn ki nan anvwanay montay la. Men paske lè ki ale kite montay la vin manke imidite , li vin sèk nan zòn ki yon jan lwen dèyè montay la kote li vin kreye yon kondisyon klimatik nou rele LONBRAY LAPLI ( klima sèk ).


Kòm nou fin wè kòman plizyè diferan faktè afekte klima nan yon zòn —kòman diferan faktè sòti nan kantite chalè ak panchman aks latè pou rive nan karaktè jeyografik yo — an nou konye la rantre nan nannan konsèp ekosistèm nan pou nou wè kòman entèraksyon yo fèt ant kominote yo ( ansanm èt vivan yo ) e anviwonnman yo.

Abitasyon ak nich

Jan nou te di l deja a , yon sistèm ekolojik se yon maryaj ki ekziste ant èt vivan yo e anviwonnman yo. Kifè , se faktè biyolojik yo ak faktè anviwonnmantal yo ki mete ansanm pou detèmine si yon èt vivan ap siviv jouk li rive fè pitit. Pa ekzanp , si ou seche ma dlo ki dèyè lakay la , ou ka fè disparèt plizyè kominote sòti nan marengwen pou rive sou krapo. Rezon an se paske maregwen yo p ap jwenn dlo pou yo ponn ze yo pandan krapo yo yo menm pa sèlman p ap jwenn dlo pou lage ze pa yo pou yo vin tounen grenouy pita men krapo yo p ap jwenn ensèk tankou maregwen pou yo manje non plis. Se kon sa tou si ou bouche gwòt Lous la konn itilize pou l IBÈNE a ( yon long somèy ki dire plizyè mwa ) pandan sezon ivè a , ou ka voye lous sa nan peyi san chapo si l pa ka jwenn yon lòt gwòt pou l lage kò a avan fredi a rive sou li. Kifè kote èt vivan an rete oswa repoze kò l oswa reyini pou yo manje oswa kote yo al lachas oswa kote yo rankontre pou yo kwaze oswa kote yo leve pitit yo enpòtan anpil anpil. Se sa ki fè , nan yon ekosistèm , kote èt vivan an rete a gen yon non espesyal. Nou rele li ABITASYON.


Yon abitasyon ka konbine faktè biyolojik ak faktè anwiwonnmantal yo oswa li ka youn oswa lòt la. Pa ekzanp lapen rete nan twou tè pandan zòtolan yo yo menm yo rete sou pyebwa kote yo dòmi oswa kote yo fè nich yo pandan krapo li menm konn rete nan yon marekaj kote dlo ak plant melanje.

Anndan yon ekosistèm gen sa nou rele NICH EKOLOJIK. Yon nich ekololojik pa sèlman dekri kote èt vivan an ap viv la men li konsène tou kòman èt vivan an itilize faktè biyolojik ak faktè anviwonnmantal yo pou l siviv. Kifè si abitasyon an ta adrès kay èt vivan an , nich ekolojik la li menm t ap pwofesyon l. Se sa ki fè niche ekolojik yon krapo gen ladan l ensèk li manje yo ak dlo li itilize pou l ponn ze men tou èske l prefere twou wòch oswa twou bwa pou l rete. Kifè anndan menm ekosistèm la n ap jwenn diferan nich menm jan anndan menm konpayi a n ap jwenn diferan kalte ak diferan kantite travayè. Pa ekzanp pami zwazo ki viv bò lanmè yo , gen sa yo ki manje ti pwason k ap paweze bò lanmè a pandan gen lòt menm ki manje ti zuit yo defouye nan sab sou plaj lanmè a. Menm zwazo sou pyebwa yo konn fè sa tou kote yon espès fè nich li an wo nèt pandan yon lòt espès li menm fè nich li sou branch ki nan mitan menm pyebwa a. Pa ekzanp , jako gen dwa jere kote grenn palmis yo ye a pandan sèpantye li menm li fè kay li nan yon twou li fouye nan mitan ren menm pye palmis la.


Nou pa bezwen reflechi anpil pou nou anvizaje sila : diferan espès pa ka okipe menm nich la nan menm abitasyon an pou lontan paske youn ap rive yon kote li vin pèdi pari a : sa ki pi fèb la ap rive yon kote li kaba oswa l ap rive yon kote li vin sètoblije kite nich la pou espès ki pi djanm nan. Prensip nou fenk dekri an wo a gen yon non espesyal nan syans ekoloji. Nou rele li “ PRENSIP ESKLIZYON KONPETISYON “ ki vle di konpetisyon nan menm nich la nan menm abitasyon an ap rive mete youn nan konpetitè yo deyò. An jeneral sa ki pi fèb la. Men sa ki fèb pa toujou vle di sa ki piti a paske konpòtman ak entèlijans se yon faktè nan jan nou mezire feblès ak fòs nan yon kontèks ekolojik. Pa ekzanp , moun pi piti pase elefan poutan se moun ki ap fòse elefan yo kote nich yo ak abitasyon paske moun ap chase yo souvan pou kwòk dan yo.

Entèraksyon : kòman diferan kominote yo afekte len lòt

Relasyon ki ekziste pami kominote yo enpòtan anpil paske yo afekte sistèm ekolojik la nan yon sans dinamik. Relasyon sa yo konn enpòtan anpil anpil pou mentni sa nou rele BALANS EKOLOJIK la. Pami relasyon enpòtan sa yo nou konn jwenn KONPETISYON , DAPPIYANP , ak plizyè tip relasyon nou rele ansanm SENBYOZ.


KONPETISYON — paske an jeneral , resous yo limite , konpetisyon pami diferan espès ( oswa pami manm menm espès la ) se youn nan relasyon nou jwenn nan yon sistèm ekolojik. Nou jwenn konpetisyon lè plis pase yon espès ( oswa plis pase yon manm nan espès la ) ap eseye itilize menm resous la an menm tan. Resous sa gendwa dlo , zèb , fèy oswa fri oswa menm reyon solèy. Pa ekzanp , yon peyizan gendwa lage kabrit li ak bèf li menm kote a pou yo manje zèb. E nan espas sa , toude betay yo twouve yo an konpetisyon. Kifè si youn te konn manje lan lè l pou kò l , depi l wè lòt la tou twò pre l , li ka atake l oswa li ka kòmanse ap manje pi vit. Men resous la pa sètoblije dlo ni manje non , li ka yon parèy nan menm espès la , yon parèy èt vivan ap chache pou l kwaze avè l. Pa ekzanp , se tout tan nou konn wè mal chen ap goumen pou yo ka jwenn chans pou yo monte sou do yon femèl chen. Gen espès kote mal yo konn ap goumen pou femèl jouk youn rive touye lòt. Se pa sa sèlman paske èt vivan yo konn goumen pou kay tou. Kifè gen konpetisyon pou kote yo pral abrite yo tou. Pa ekzanp , gen ensèk ki konn ap goumen pou twou wòch tankou jwenn lonbray nan yon dezè. Nou ka wè imajine bèt tankou eskòpyon oswa zareyen gendwa ap goumen pou yon twou wòch nan yon dezè kote lonbray se youn nan pwoteksyon kont chalè midi. Men se pa sèl bèt ki konn twouve yo nan konpetisyon pou resous yo bezwen yo , pyebwa yo tou , yo konn nan konpetisyon pami yo. Klèman reyon solèy la se yo pi gwo resous pou plant yo paske se reyon solèy la ki nouri yo. Gen pyebwa tankou PYE MAPOU ki monte byen wo. Kifè yo depase depase wotè lòt yo pou yo rive al layite branch yo kote lòt yo pa ka rive. Kon sa yo konn vin anpeche sa ki pi kout yo jwenn ase reyon solèy yo menm. Gen pyebwa tout ki konn lage pwazon nan lè a oswa nan tè a pou yo tante kwape devlopman lòt espès pyebwa nan ozalantou yo. Pyebwa ki konn itilize pwodui chimik pou kwape devlopman lòt espès pyebwa bò kote yo pote non sila : PYEBWA ALELOPATIK ( alelo = lòt pandan pati = move kondisyon , maladi , mal ). Pyebwa nou rele NWAYO NWA yo se pyebwa alelopatik yo ye.


DAPPIYANP — se yon relasyon kote yon èt vivan fonse sou yon lòt èt vivan pou l manje l. Sa ki fè dappiyanp sou lòt la pote non PREDATÈ ( nou sonje fim yo rele PREDATÈ a kote yon seri estraterès t ap fè dappiyanp sou moun ). Men sa yo fè dappiyanp sou li a li menm li pote non PWA. Klèman nanpren okenn èt vivan k ap rete kon egare pou l kite yon lòt manje l byen fasil. Kifè yon predatè ap bezwen bon jan teknik oswa bon jan fòs oswa bon jan zouti pou l rive fè dapliyanp lan sinon li p ap manje. Pa ekzanp , chat konn fè dappiyanp sou rat ( grif chat la file ) kwake pwovèb lakay di lè vant chat plen , tèt rat anmè. Anfèt , anpil savan ki etidye listwa bèt kwè se fèmye ki te premye domestike chat. Daprè savan sa yo , fèmye yo te fè sa pou chat yo te ede yo chase rat paske nenpòt peyizan lakay ka rapòte sila : yon kolòn rat p ap pè gobe yon barik mayi ni yon sak pwa nan fay minit.

Klèman nou ka antisipe predatè yo pa sèlman ap gen diferan kalite men y ap gen pou aplike diferan metòd tou. Dayè yo p ap chase menm pwa. Pa ekzanp , nou wè jan lyon yo gen fòs ( y ap bezwen l pou yo fè piyang sou yon bèt sivaj ) , jan malfini yo gen gwo grif ( y ap bezwen l pou kenbe pwa a fèm pandan y ap vole avè l ) , jan bouch kayiman yo laj ( y ap bezwen bouch laj pou yo kenbe pwa a paske pat yo pa ka fè l ). Menm gen predatè ki itilize yon pwazon nan yo menm ( venen ) pou mete bèt yo pral manje sou anestezi. Chaje espès koulèv , zareyen ak eskòpyon ki konn itilize metòd chimik sa pou fè dappiyanp sou lòt bèt.


Kwake an jeneral se bèt ki konn fè dapiyanp sou lòt bèt , gen kèk plant ki konn fè dapiyanp sou kèk ensèk tou. Se sa ki fè Darwin te rele plant sa yo ENSÈKTIVÒ ki vle di manjèd ensèk menm jan èbivò vle di sa ki manje fèy oswa zèb. Paske plant pa konn mache ni kouri , tout plant ensèktivò yo ap sètoblije tann pyèj pou fè dappiyanp lan. Pa ekzanp plant ki rele VENIS MANJÈD MOUCH la ouvè kò l byen bèl pou atire ensèk. Men sou bèl sifas trap wouj ki ouvè kò l la gen yon seri ti branch cheve tou piti ki sansib anpil anpil — wòl ti branch cheve sa yo se pou fè plant lan konnen gen yon ensèk ki pran nan pyèj la. Kifè depi yon mouch touche sifas la , gen yon siyal ti branch cheve yo voye byen rapid ki fòse trap la fèmen kò l pou l trape much la anndan kòm si l ta yon bouch ki fè yon bouche. Gen plant menm ki itilize yon glisad ki al lage ensèk la nan yon ti basen anzim ki la sèlman pou fonn ensèk la. E se kon sa plant sa yo nouri tèt yo.

CHANJMAN EKOLOJIK

Menm si pa te gen moun pou ki akselere chanjman ekolojik yo sou latè , tankou jan nou wè l nan pwoblèm rechofman global la , t ap toujou gen chanjman ekolojik pou rezon sila : pa sèlman entèraksyon ki ekziste ant èt vivan yo e anviwonnman yo deja rann sistèm ekolojik yo dinamik men gen evennman brid sou kou ki konn chanje yon ekosistèm byen vit tou. Kifè chanjman nan ekosistèm nan ka gradyèl ( ti kal pa ti kal pou yon bon bout tan oswa pandan lontan ) tankou lè yon forè grazyèlman tounen yon dezè oswa li ka yon chanjman brid sou kou tou tankou lè gwo van lapli siklòn ravaje yon rak bwa nan yon grenn jou. Kifè toujou gen konsekans ekolojik ki SUIV kalte evennman sa yo. Se pou rezon sa menm nou rele evennman/konsekans sa yo SUIVANS EKOLOJIK lè nou ka antisipe ki jan yo pral dewoule.

Gen de(2) tip suivans ekolojik — youn rele suivans primè pandan lòt la li menm rele suivans segondè.

SUIVANS PRIMÈ :

Suivans primè fèt sou sifas ki pa ko gen ni pousyè tè ni labou tè kifè sou sifas ki pa ko gen SÒL. Pa ekzanp nou ka wè l aprè fenomèn jeyolojik sa yo : lè yon vòlkan eklate an ba dlo epi l pwodui yon zile oswa lè lava yon vòlkan oswa sann yon vòlkan kouvri yon sifas.

Suivans primè a ka fèt tou lè glas ki te kouvri wòch yo fonn epi sa vin kite wòch yo ekspoze nan atmosfè a.

An nou pran ekzanp yon vòlkan ki eklate. Se wòch n ap jwenn sou sifas li fòme a oswa sann n ap jwenn sou sifas li afekte a. E premye kalte èt vivan ki peple yon espas kon sa vin pote non “ ESPÈS PYONYE “. Pa ekzanp , an nou pran ekzanp kote yon vòlkan eklate epi l pwodui yon zile. Sifas zile sa se woche ki la sèlman o kòmansman. E youn nan premye èt vivan ki tabli kò yo sou wòch sa yo se sa yo rele “ LIKENN “ nan. Nou konn wè yo sou wòch souvan pami limon men likenn yo pa limon non paske limon se yon tip plant nou jwenn kote ki gen seren oswa kote ki yon jan mouye oswa kote ki gen lonbray. Rezon ki fè nou di LIKENN yo pa yon espès apa se paske an reyalite Likenn yo pa vrèman yon grenn espès apa , likenn yo se yon plant ( alg ) ki fè yon sèl ak yon espès djondjon pou yo vin ansanm kote len ap kore lòt nan yon relasyon ekolojis yo rele SENBYÒZ. Tank likenn yo ap grandi sou wòch la , se tank y ap dezentegre wòch la ( depatcha la oswa fè l fè poud ). Poud tè sa yo pa ko anrichi pou bon jan plant leve , men lè likenn yo kòmanse mouri , kadav yo vin kòmanse ap anrichi pousyè wòch sa yo ak pwodui òganik.

SUIVANS SEGONDÈ:

Lè gen yon evennman ki deranje sistèm ekolojik la san li pa kouvri ni elimine sòl la , nou rele konsekans ki suiv li yo SUIVANS SEGONDÈ. Pa ekzanp , an nou di nou abandone yon plantasyon kafe. Ebyen se pa kafe ki pral kontinye leve nan espas la paske pa gen moun pou ki anpeche okenn lòt plant ni bèt rete la , ni pran refij la ni fè eskal yo la. Pa ekzanp , nan espas plantasyon kafe nou abandone a pral gen raje ak lyann ki konye la pral leve epi sa yo ap vin atire lòt tip bèt tou ki yo menm pa te konn frekante espas plantasyon kafe a avan. Pa ekzanp moun ki te konn plante kafe yo te gendwa ap itiiize ensektid pou anpeche ensèk manje plant yo. Men konye la ensèk yo ka vini nan espas la lib e libè paske pa gen famè pou met pwazon pou yo. Paske suivans ekolojik sa a fèt pandan sòl la pa ni kouvri ni elimine , li reprezante yon suivans segondè. Gen plizyè faktè ki ka koze yon suivans segondè. Pa ekzanp , yon siklòn ka derasine tout yon kominote pyebwa epi sa vin pèmèt yon nouvo kominote ki gen nouvo espès pran pye. Se kon sa tou , dife sezonal ki konn pran nan forè yo ka koze yon suivans segondè. Nou konn wè nan dokimantè yo kòman dife sezonal ki konn pran nan savann ann Afrik yo kreye yon siklay : destriksyon ( dife a boule anpil pyebwa ra pye tè , bèt ki pa gentan sove poul yo peri ) poutan destriksyon sa nan yon sans ap ranje kabann pou yon renouvèlman tou paske sa ki detui yo vin anrichi tè a. E se kon sa lè lapli kòmanse tonbe , plant pral jèmen , zèb pral pouse , pyebwa pral leve e latriye. Pral gen nouvo bèt tou. Pa ekzanp , ti bèt ki te rete deyò paske predatè yo te la ka konye la rantre. Kifè dife a pwodui yon suivans segondè paske li pwodui yon seri chanjman ekolojik san li pa elimine ni kouvri sòl la.

SUIVANS MARITIM :

Remake SUIVANS nou fenk wè yo la fèt sou tè. Men èske pa gen suivans ki fèt nan lanmè tou ? Avantou , lanmè gen sistèm ekolojik pa yo. Dayè dlo lanmè yo okipe twa-ka sifas latè epi yo chaje ak diferan bèt diferan tay. Klèman repons lan se wi paske suivans ka fèt nan nenpòt sistèm ekolojik. Menm nan fon lanmè kote ki fennnwa , nou ka jwenn fenomèn suivans ekolojik la. Pa ekzanp lè yon gwo labalèn mouri , kò l plonje nan fon lanmè. Men kadav sa ka nouri yon pakèt lòt bèt byen fon an ba lanmè kote ki pa te gen anpil vi avan. Anfèt , se sa syantifik yo te dekouvri nan lane 1987 pou laprefwa lè yo tonbe sou yon pakèt diferan bèt ki te tabli kominote nan , sou kou arebò kadav yon labalèn. Aprè sa , syantifik yo te vin dekouvri plizyè lòt ka fon anba lanmè. Kifè se pa te yon fenomèn ra menm.

Ebyen kòman suivans maritim sa dewoule menm.

Nou konnen nan lanmè chaje bèt ki manje pa sèlman poupou lòt bèt ( bèt tankou krab fè l ) men tou ki manje kadav lòt bèt. Kifè , lè yon labalèn mouri , pwa l rale l desann nan fon lanmè. Pami premye bèt ki vin fè festen sou kadav lavalèn la se krab , kribish ak reken. Lè bèt sa yo fin manje vyann nan ( yon bagay ki ka menm dire yon ane ) , yo kite zo yo. Men zo yo menm gen bon jan grès ki pral nouri diferan tip bakteri dirèk dirèk oswa endirèkteman. Yon tip bakteri ( etewotwòf ) dekonpoze grès ki anndan zo yo. Bakteri sa yo pwodui konpoze chimik ki an retou vin kore bakteri chimyosentetik yo ki yo menm an retou pral sipòte yon kominote bèt ki gen pami yo vè , krab , kalmason e latriye — bèt ki yo menm ap viv sou zo labalèn nan oswa nan sab soumaren ki antoure zo labalèn nan.

BIYOM

Pami planèt k ap fè laviwonnde arebò solèy la , se pa planèt pa nou an ki pi gwo. Men latè pa piti. Kidonk li gen diferan rejyon ki gen diferan kalte bèt kou diferan kalte plant. Sa vle di n ap jwenn sou latè yon dividal ekosistèm sòti nan kote ki pa gen pyebwa , tankou nan dezè glas nan zòn polè yo , pou rive nan forè amazòn kote ki chaje ak pyebwa ki menm pi wo pase tèt Hasco. Lakòz gen diferan zòn ki gen diferan ekosistèm , chache yon mwayen pou kategorize yo ap enpòtan anpil. Dayè clima ak jeyografi pa menm tout kote sou latè. Kifè gen gwo zòn ki parèt diferan a lòt sou baz idantite ekolojik yo. Se pou rezon sa menm , ekolojis yo devlope konsèp nou rele BYOM nan.

Yon BYOM se yon anviwonnman apa ki gen gen yon seri plant ak zannimo ki karakterize kidonk ki ba l karaktè l , ki ba l idantite l paske plant ak zannimo sa yo yon jan defini l.


Kòm nou te di l deja , klima se yon gwo faktè ekolojik. Men yon peyi ka gen yon klima poutan gen ti zòn nan peyi a ki gen ti klima pa yo apa ki pa miwate klima peyi a. Ti klima apa sa yo pote non MIKWOKLIMA paske prefiks mikwo a vle di PITI. Pa ekzanp , nan yon gwo dezè kote ki fè cho kote ki manke nou ka jwenn OWAZIS ki gen mikwoklima yo paske pyebwa yo ak sous dlo yo mete ansanm pou pwodui yon mikwokliman kite frechè se lanòm. An nou pran Ayiti. Li se yon peyi cho poutan tèt mòn yo konn gen mikwoklima yo kote bouya konn ap layite kò gwo lajounen. Kifè pandan moun anba lavi l pa bezwen chandray lèswa , moun nan mòn kenskòf konn bezwen chandray pou chofe kò yo paske li konn fè bon jan frèt lèswa sou mòn kenskòf. Se sa ki fè etranje ki sot nan peyi frèt ki vin abite ann Ayiti konn plis renmen al rete sou tèt mòn Kenskòf.


MEN GWO BYOM YO :

Syantifik ki etidye fenomèn ekolojik yo , kidonk ekolojis yo , rekonèt o mwen sis byom kwake gen kèk ekolojis ki konn separe sa lòt konn konbine pou di gen o mwen dis. Kifè nan tèks sa m ap bay plis pase sis :

FORÈ ZÒN TWOPIKAL yo ; SAVANN ZÒN TWOPIKAL yo ; DEZÈ yo ; PLENN ZÈB ZÒN TANPERE yo ; RAK BWA AK RAJE ZÒN TANPERE yo ; FORÈ ZÒN TANPERE yo ; TAYIGA ( forè boreyal ) ; TONDRA ( zòn Siberi , Nòvèj ) ; FORÈ BWA PEN ZÒN NÒDWÈS yo ( sòti nan tèt Kalifòni pou rive Alaska ).

Chak nan byòm sa yo gen karakteristik ekolojik pa yo jan nou te di l la. An nou gade kèk karakteristik biyolojik ak anviwonnmantal nou jwenn nan chak byom sa yo :

FORÈ TWOPIKAL yo parèt sou de fòm : mouye ak sèk. Nou jwenn yo ann Afrik , ann Amerik latin zòn Sid , ann End , zòn Nòdès Ostrali. Nou ka anvizaje pou ki rezon yo rele youn MOUYE. Nou rele yo mouye paske toujou gen lapli k ap tonbe nan forè sa yo e yo toujou fè cho. Pa ekzanp forè amazòn nan se yon forè twopikal mouye li ye. Nou jwenn la gwo tonton pyebwa ki rete vèt tout ane a. Nan forè sa yo nou jwenn gwo tonton koulèv tankou anakonda , nou jwenn plizyè tip makak , nou jwenn jako e latriye. Tè a pa rich paske nenpòt pye bwa ki tonbe oswa nenpòt bèt ki mouri , yo dekonpoze byen vit pou ale al nouri pyebwa ki ret kanpe vivan toujou. Nou jwenn anpil ensèk tou tankou foumi , papiyon e paske gen anpil dlo nou jwenn anpil pwason dlo dous ak kayiman tou. Pou forè twopikal sèk yo yo menm , pyebwa yo pa rete vèt tout ane a. Yo jete fèy yo avan sezon sechrès la. Kon sa yo ka konsève dlo pi byen. Lè yon pyebwa jete fèy li chak ane , yo rele l nan botani ( syans ki etidye plant ) yon pyebwa fèy KADIK ( kadik = pa toujou la ). Paske sòl fòrè sa yo toujou gen fèy k ap dekonpoze ladan yo regilyèman pou yon bon bout tan , sòl yo rich an matyè òganik. Nan forè sa yo , nou jwenn tig , makak , elefan. Youn nan kote nou jwenn forè sa yo se ann End.

SAVANN TWOPIKAL yo gen sezon lapli , yo gen sezon sechrès. Tè nan savann twopikal yo foule. Yo gen zèb men pa anpil pyebwa. Zeklè koze dife nan zòn sa yo regilyèman. Nou konn jwenn gwo bèt tankou lyon , rinosewòs , elefan , jiraf , leyopa nan zòn sa yo. Nou jwenn ensèk tankou tèmit ki konn bati gwo chemine bit tè pou klimatize koloni yo. Pa ekzanp , peyi Kenya se youn nan kote ki gen anpil savann twopikal. Gen votou tou ki yo menm manje bèt ki sou sou savann oswa rès bèt kanivò tanjou lyon kite dèyè.


DEZÈ — yon fakte klè nan tout dezè se kantite dlo lapli yo resevwa. Ekolojis defini yon dezè sou baz presipitasyon ( lapli ) : yon dezè se yon rejyon ki resevwa pi piti pase 25 santimèt dlo lapli pa ane. Se pa cho sèlman li fè nan dezè. Dezè yo konn fè frèt tou. Kidonk nan yon dezè li gendwa fè cho lajounen epi nan nuit li fè byen frèt. Sòl sa yo pa bon elevaj men yo souvan chaje ak mineral sitou petwòl. Nou jwenn yo nan zòn nwayenn oryen yo , ann Afrik , Etazini , Ostrali. Plis plant nou jwenn nan dezè se plant ki pa grandi vit ni ki pa bezwen anpil dlo non plis. Kifè rakèt ak lalwa pa gen pwoblèm leve la. Nan dezè yo , nou konn jwenn eskòpyon , tòti , koulèv , leza. Nou konn jwenn rena tou. Nou konn jwenn ensèk tankou gèp , foumi. Kon sa tou nou konn jwenn zwazo tankou sa yo : chwèt ak malfini.


PLENN ZÈB ZÒN TANPERE yo , jan nou tande la , yo chaje zèb. Yo bon pou lagrikilti ak elevaj bèt paske yo chaje zèb pou betay tankou bèf manje. Tè ki nan zòn sa yo twouve yo pami sòl ki pi rantab nan mond lan. Pami kanivò nou konn jwenn nan zòn sa yo , nou jwenn lous , lou ak koyote ( yon bèt bwa ki sanble tèt koupe ak chen ) ; E pami ebivò yo ( zannimo ki manje fèy ) , nou konn jwenn lapen mawon. Paske yo chaje zèb , n ap jwenn ensèk tankou krikèt ak foumi nan zòn sa yo tou. Nou jwenn plenn sa yo ann Amerik septantriyonal ( septantriyonal = Nò ) , Azi Santral , Ewop Santral e sou kèk plato ann Amerik meridyònal ( meridyonal = sid ). Ete nan kalte zòn sa yo konn plizoumwen cho pandan ivè a li menm fè bon jan frèt.

Kek ti not

Remak : Pou imaj yo , Otè a jwenn yo ann angle sou nèt la , li modifye kote li ajoute plizyè bagay pou rann yo bon jan kreyòl. Epi m toujou ajoute yon ti tèks nan imaj pa gen tèks yo. Pafwa se li ki devlope tèm kreyòl la paske pa gen yon tèmonoloji syantifik ki deja tabli an kreyòl.

Lis referans yo

  1. Konesans Jeneral, edikasyon otè a.
  2. Miller/Levine Prentice Hall Biology.
  3. Wikipedia.
  4. Google