Kontribitè yo:

Ekoloji

  • Rasin

Tèm ekoloji a sòti nan ansyen grèk kote OIKOS vle di KAY pandan LOGOS li menm vle di ETID.


  • Definisyon

Ekoloji se syans ki etidye tout relasyon ki ekziste ant èt vivan yo e anviwonnman kote y ap viv la. Anviwonnman sa yo ka dlo , tè oswa lè pandan èt vivan yo yo menm yo ka zannimo , plant , bakteri e latriye. Yon syantifik ki ap travay nan syans sa pote non EKOLOJIS. Kidonk yon ekolojis ap gen bon jan konesans nan jeyografi , jeyoloji ak biyoloji paske nan ekoloji tout syans sa yo rantre youn nan lòt.