Kontribitè yo:

Senbyoz

Nan mo SENBYOZ la , nou wè prefiks SEN ki vle di ANSANM jan nou konn wè l nan tèm tankou SENTÈZ ( lè nou mete bagay yo ansanm ) ak SENTAKS ( jan mo yo ranje kò yo ansanm ). Klèman aprè prefiks SEN an nou wè BYOZ ki li menm konsène LAVI. Kifè nenpòt lè nou jwenn de (2) espès k ap VIV ANSANM nan yon relasyon sere sere , nou rele relasyon sa SENBYOZ.


An jeneral biyolojis yo rekonèt relasyon senbyotik sa yo :


  1. MITYALITE : yon relasyon ki benefisye tou lède espès yo kidonk relasyon an baze sou yon avantaj mityèl ( li bon pou mwen , li bon pou ou ). Tankou poul dlo nou konn wè sou do bèf yo. Yo manje tik k ap souse san bèf la. Kife bèf la benefisye paske yo retire yon bagay ki t ap fè l mal pandan poul dlo a li menm li benefisye tou paske l jwenn manje pou l manje. Men ekzanp ki pi komen nan mond lan se relasyon mityalite ki ekziste ant flè e ensèk yo sitou ant flè e myèl. Nan relasyon sila , flè yo bay myèl yo yon sibstans sikre ki rele NEKTA yo pral itilize pou yo fè siwo epi an retou myèl yo ede flè yo kwaze nan yon pwosesis ki rele POLINASYON.
  2. KÒMANSALITE : tèm sa pa konekte menm ak mo KÒMAN ayisyen an ni COMMENT franse a. Li sòti pito nan mo angle "COMMENSAL " ki sinifi tou kou pataje manje a. Nan relasyon kòmansalite a , se yon espès ki benefye pandan lòt la li memm li pa fè ni benefis ni defisi. Relasyon sa konn plis parèt nan kontèks transpòtasyon oswa abitasyon kote yon bèt ki pi piti itilize prezans yon pi gwo bèt pou fasilite deplasman l. Pa ekzanp , gen yon bèt lanmè ki rele BÈNAK ki kole kò l arebò bouch yon labalèn pou lòt bèt pa manje l. Men relasyon sa pa gen okenn efè ( ni negatif ni positif ) sou labalèn nan paske bènak la pa souse san li ni bènak la pa lou ase pou fè labalèn nan bouke pote l. An prensip , yon bèt A ki manje kadav yon lòt bèt B twouve tèt li nan yon relasyon kòmansalite avè l paske kadav B pa pèdi anyen menm lè A manje l. Kifè li se yon relasyon ki benefisye A san li pa gen yon efè sou B. Nan ka sa , tout votou twouve yo nan yon relasyon kòmansalite ak tout espès kadav li konsime yo. Krab se youn nan bèt lanmè ki souvan twouve l nan yon relasyon kon sa. Se menm jan an tou yon mouch ki lage ze li yo nan poupou oswa nan kadav lòt bèt yo twouve li nan yon relasyon KÒMANSALITE avè yo paske ni poupou ni kadav la pou koute espès la anyen lè yo manje yo ni dekonpoze yo.
  3. NETRALITE : youn pa fè benefis ni youn pa fè defisi nan relasyon sa. Kifè , EFÈ A NET pou tou lède. Bèt ki manje diferan kalte bagay ka rete menm kote nan yon relasyon net. Pa ekzanp , yon espès A ka manje ensèk ki sou fèy la pandan espès B li menm li manje fèy la. Toude espès sa yo ka viv ansanm depi youn p ap pran twòp espas sitou nan ka kote youn gro pandan lòt la li menm li piti pa rapò ak lòt la. Sa rive souvan san ka mouch ak kanivò tankou lyon. Pa ekzanp , mouch yo konn lage ze yo nan rès manje lyon an kite atè a.
  4. PARAZITITE : Youn benefisye pandan lòt la li menm li fè defisi. Se pou rezon sa yo rele vè ki nan vant timoun yo parazit. Vè yo chita nan trip timoun nan ap manje manje ki ta dwe nouri timoun nan— yon bagay ki souvan konn anpeche timoun nan gwosi. Souvan timoun ki gen vè yo konn mèg. Se kon sa tou , pis ki kole sou po chen yo twouve yo nan yon relasyon parazitite : pis yo se souse y ap souse san chen an ki bon pou pis la paske san chen an nouri pis la men chen an li menm li fè defisi paske se nuizans ak doulè li jwenn an retou.


Paske ekosistèm gen yon chenn alimantè kote nou jwenn diferan nivo , relasyon senbyoz yo enpòtan paske yo konn leve nivo yon èt vivan ki t ap nan yon nivo pi ba si yo pa te nan yon relasyon senbyoz ki benefisye yo oswa ki pwoteje yo.