Kontribitè yo:
Syans
Tradiksyon

Zangi Amerik yo

Genyen twa (3) espès Zangi dlo dous, Zangi Amerik la (Anguilla rostrata), Zangi Ewòp la (A. Anguilla) ak Zangi Japon an (A. japonica), men Zangi Amerik la se sèl Zangi ou kapab jwenn nan zòn amerik la.


Genyen plizyè milye ane depi moun ap peche epi leve zangi, men pa t jan genyen yon bon konesans sou istwa konplèks lavi bèt sa a. Zangi Amerik la rive siviv plizyè laj glas epi sanble li ekipe pou li konbat chanjman ki toujou plede ap fèt nan oseyan yo. Genyen kèk syantifik ki konsidere zangi sa, akoz kapasite l genyen pou li adapte l, kòm pwason ki genyen pi plis divèsite abita pami tout espès pwason nan mond lan.

Zangi Amerik la ponn nan dlo Lanmè Sagas (Sargasso Sea, Mer Sargasse), yon espas 2 milyon mi2 (plis pase 5 milyon kilomèt kare) dlo cho ki twouve li ant West Indies ak Azores. Pwason ki gen fòm koulèv sa itilize fòs kouran yo pou li deplase. Se konsa li ka soti kote li fèt la pou li chache wout kay li ki kouvri soti peyi Grinlann pou rive Brezil.

Gran tit sekyon yo

Migrasyon zangi ak wonn lavi yo

Nan lavi l, Zangi Amerik la chanje abita epi pase nan plizyè faz fizik yo rele metamòfoz.


Yo panse lavi yon Zangi Amerik koumanse epi fini nan Lanmè Sagas la. Chak peryòd ivè mete pye, Zagi Amerik ki mati yo tounen al ponn nan dlo kote yo te fèt la.


Tout zangi menm espès yo reyini, konsa yon zangi ki rete Grinlann kapab akouple ak sa ki soti nan pati sid Amerik la. Konpòtman sa fè se yon sèl popilasyon ki toujou ap akouple antre li. Se sa ki fè, kontrèman ak lòt espès yo, yo pa jwenn diferans ki konn fèt kèk fwa ant endividi yon menm espès men ki pap viv nan menm pozisyon jewografik.


Leptosefali (Leptocephali)

Aprè fètilizasyon an, ze zangi yo flote nan sifas oseyan an jouk yo kale ti lav transparan ki vle sanble ak fèy plant sòl (willow leaves ann angle, feuilles de saule an franse). Lav sa yo deplase ansanm ak Gòf Strim (Gulf Stream) ak lòt kouran tou pandan anviwon yon (1) lane avan yo rive sou kot atlantik Amerik la.


Zangi transparan (Glass eels)

Zangi yo gentan devlope najwa ansanm ak fòm yo ap tou genyen lè yo mati a avan yo rive sot kot atlantik yo. Nan faz sa, jèn zangi yo, tranparan epi yo mezire 2 al 3 pous (5 al 7.6 cm) yo konsa nan longè.


Èlvè (Elvers)

Rive nan laj sa yo, zangi yo migre ale nan dlo somat yo epi kòmanse devlope pigmantasyon ki pral ba yo koulè mawon-vèt. Genyen anpil èlvè yo remake ki moute nan dlo ki sou tè yo pa balansman rivyè yo, pandan lòt yo rete nan anbouchi, abita dlo somat yo oubyen nan lanmè a. Faz sa genyen ladan li tout zangi ki rive yon longè ki plis pase 4 pous (10 cm).


Zangi jòn (Yellow eels)

Avan staj matirasyon an, zangi yo vin jòn. Se yon kategori zangi ki adilt men ki pa mati seksyèlman, yo genyen koulè jòn-vè ale sout vèt oliv-mawon. Nan faz sa a, Zangi Amerik yo noktin, yo naje epi manje lannwit senpleman. Nan dlo dous yo, yo rete nan kouran yo, lak yo, letan yo ak rivyè yo, sitou kote yo kapab kache anba vye bout bwa ak wòch.

Aprè 3 al 40 oubyen plis lane toujou ap viv nan dlo dous sou tè yo, dlo somat, oubyen dlo lanmè yo, zangi jòn yo kòmanse antre nan matirite seksyèl. Zangi ki te rete ap viv nan anbouchi ak dlo lanmè yo pase nan menm etap sa yo tou men yo antre nan matirite pi bonè pase sa ki nan dlo dous yo.


Zangi ajante

Zangi Amerik yo kòmanse devlope diferans seksyèl lè yo fè yon longè 8 al 10 pous (20.32 al 25.4 cm) konsa. Yo tounen mal oubyen femèl zangi ki genyen koulè fwonse, bwonz-tire-sou-nwa sou do yo epi koulè ajan anba vant yo. Chanjman sa depann de plizyè faktè, tankou : dansite popilasyon an, to kwasans zangi yo, ak salinite dlo a. Femèl Zangi Amerik yo kapab grandi rive 5 pye (152.4 cm) nan longè padan mal yo menm fè nòmalman 3 pye (91.44 cm).

Zangi ajante yo fini mati seksyèlman nèt pandan yo ap tounen nan Lanmè Sagas la pou yo ponn. Yo sibi yon seri gwo chanjman fizik pou yo kapab rive tounen nan lanmè a. Chanjman sa yo fè yo pase de zangi dlo pa twò fon, al nan zangi ki viv nan labou pou rive nan gran vwayajè nan oseyan yo.


Pandan yo nan migrasyon nan oseyan yo, zangi yo sispann manje. Konsa trip yo kòmanse dejenere. Rezèv grès zangi yo ogmante pou yo kapab jwenn enèji pou yo naje. Je yo double nan gwosè epi yo vini pi sansib pou koulè ble, sa fè vizyon yo nan dlo fon ogmante. Veso sangen ki desèvi vesi naje a yo ogmante nan kantite yo, sa ki pèmèt kantite gaz ki ap depoze nan vesi a ogmante epi kantite gaz ki ap pèdi yo diminye, tou 2 sa yo enpòtan anpil pou flotabilite zangi yo.


Lè yo rive nan Lanmè Sagas la femèl yo lage ant 20 al 30 milyon ze ke mal yo fètilize. Yo panse lè yo fin ponn, adilt zangi yo mouri. Men chèchè yo pa ko janm obsève zangi ki ap ponn nan lanati.

Menas pou Zangi Amerik yo

Enpak potansyèl sou Zangi Amerik yo varye nan espas ak nan severite pami endividi espès la. Zangi Amerik yo pa genyen aksè ak abita kote yo te toujou konn ye nan tan pase yo akoz baraj jak lòt obstak ki bare oubyen divize abita yo ak koridò pou migrasyon yo. Diminisyon popilasyon zangi yo nan yon nivo lokal kapab konsekans sa ki mouri lakoz tibin baraj elektrik yo, degradasyon abita yo ak eksplwatasyon ki depase limit yo.


Yon parazit azyatik (Anguillicola crassus), ki ta sanble antre nan popilasyon Zangi Amerik yo pa mwayen akwakilti, enfekte vesi natasyon -yon ògàn entèn ki ranpli ak gaz epi regle flotabilite pwason yo- kèk zangi. Lè zangi yo pran matirite epi yo kòmanse tounen nan lanmè Sagas la, yon vesi natasyon ki pa fonksyonèl oubyen afebli kapab lakoz endividi a mouri avan li ponn.


Presyon lapèch genyen tou kèk enpak sou Zangi Amerik la. Zangi transparan an genyen gwo pri sou mache azyatik la, epi yo te peche ti zangi sa yo bonè nan wonn lavi yo anpil Etazini nan lane 1970 yo. Sa se petèt youn nan koz ki te fè popilasyon lokal la te diminye anpil. Lapèch la kapab bonjan devaste popilasyon an sitou akoz pwosesis matirasyon zangi yo ki lan anpil.


Chanjman klimatik la kapab enpakte Zangi Amerik yo tou ak abita yo, men yo pako konnen nan ki nivo sa ka fèt.

Konsèvasyon ak Plan jesyon

Malgre difikilte yo, Zangi Amerik yo rete nan anpil nan espas kote yo te toujou konn ye yo. Nan kèk gran rivyè kotye, zangi se pwason ki pi komen ou jwenn, yo okipe plis abita akwatik ke tout lòt espès yo.

Konba kont menas ki sou do Zangi Amerik yo ak konsèvasyon yo kapab fèt sou plizyè fòm, soti nan rechèch ak kontwòl, pou rive nan aktivite ki pral ogmante aksè zangi yo ak ansyen abita yo ak kote pou yo ponn. Plan Komisyon pou Lapèch Marin nan Eta Atlantik yo pou jesyon zangi yo ak Komisyon Somon Atlantik nan Rivyè Konektikèt ap devlope yon plan pou jesyon zangi nan basen rivyè Konektikèt la.

Oganizasyon ki ap travay nan Konsèvasyon gen pwojè ki genyen objektif pou kraze baraj ki bloke wout migrasyon zangi yo te toujou konn pran depi nan tan lontan yo. Avèk sipò lòt ajans ki travay nan resous natirèl, yo ap travay pou diminye gwo enpak negatif sou zangi yo. Mezi sa yo enskri nan kontra pou rekondwi oubyen bay lisans pou baraj idwo-elektrik yo fonksyone epi yo kapab ajoute nan travay yo strikti tankou echèl pou zangi ki va pèmèt pwason ak zangi yo moute nan tèt kouran dlo yo. Echèl zangi yo fèt yon fason pou pèmèt zangi ak lòt pwason yo naje atravè baraj ki sou rivyè yo, li itilize yon ranp pou fè sa.

Yo siveye migrasyon zangi yo nan plizyè zòn, amon kou aval, sa va pèmèt yo konprann epi fasilite pasaj zangi yo soti sou tè pou ale nan oseyan an. Nan kote yo konstui pasaj pou zangi yo, kantite zangi ki pase ede konprann estati popilasyon an.

Lòt aksyon konsèvasyon ankò se restriksyon eta Etazini yo ak gouvènman federal nan Kanada mete sou lapèch zangi a. Komitee sou estati bèt ak plant ki andanje nan Kanada deklare Zangi Amerik la yon espès ki merite yon konsiderasyon spesyal, li pwoteje li ak lwa federal sou lapèch epi li fèmen pèch zangi nan pati kanadyen lak Ontaryo a.

Sèvis Etazini ki ap jere Pwason ak Lavi sovaj kontinye travay ak patnè li yo pou yon pi bon konprann epi konsève espès ekstraòdinè sa ki se Zangi Amerik la.

Kek ti not

Eske Zangi Amerik la se yon espès Katadrom oubyen yon Anadwom? Depi lontan yo te toujou konsidere Zangi Amerik la takou sèl pwason Katadwom pati Nò Amerik la -Sa vle di li fèt nan oseyan, li pran matirite nan dlo dous epi li tounen nan lanmè pou li kapab ponn. Pwason anadwom yo yo menm, egzanp Somon, yo fèt nan dlo dous, yo ale nan oseyan yo kote yo pran matirite, epi yo tounen nan dlo dous pou yo ponn.

Kèk Zangi Amerik naje moute nan amon dlo dous yo pou yo rive nan matirite, kèk lòt rete nan anbouchi ak nan dlo lanmè a pou yo pran matirite. Dekouvèt sa fè biyolojist yo al repanse koze a pou pale pito de katadwomi fakiltatif, sa vle di ou ka jwenn endividi espès la nan dlo dous oubyen sale nan faz matirasyon yo.

Zangi yo kapab absòbe oksijèn nan po yo, sa pèmèt yo vwayaje sou tè, sitou kote ki genyen zèb mouye ak labou. Zangi yo kapab kouvri kò yo ak yon kouch mikis, sa ki ap fè li prèske enposib pou ou kenbe yo ak men-sa jistifye ekspresyon “glise pase zangi a”.

Lis referans yo

U.S. Fish & Wildlife Service

300 Westgate Center Drive

Hadley, MA 01035


1 800/344 WILD

www.fws.gov

Septanm 2011