Kontribitè yo:
Tradiksyon

Woutin pou dòmi

Woutin enpòtan anpil nan lavi ti bebe ak timoun. Sa pèmèt yo gentan prevwa ki sa ki pral fèt. Li itil anpil nan devlopman yo. Tankou tout lòt aktivite, dòmi ka gen yon woutin li antre ladann tou.

Gran tit sekyon yo

Koman pou rive tabli yon bon woutin dòmi kay ti bebe

Yon ti bebe bezwen sèlman kèk grenn eleman esansyèl sèlman pou l fonksyone tankou manje, jwe, lanmou ak dòmi. Tout sa ki site la yo pa sanble konplike. Men nan sa ki gen pou wè ak dòmi, bagay yo pa toujou pase jan sa te planifye. Fè yon ti bebe dòmi ka tounen yon veritab konba. Sòti nan lestomak fè mal oubyen dan fè mal pase pran angwas separasyon, tout sa yo ka anpeche yon ti bebe byen dòmi.


Lè w tabli yon bon woutin pou dòmi, wap ka ede ti bebe a dòmi pi fasil, epi konsa repoze l tout tan l bezwen. Anplis de sa, yon bon woutin dòmi ap evite ti bebe a gen pwoblèm dòmi pi devan.

Tabli yon woutin

Youn nan premye abitid pou tabli, se yon woutin regilye epi konstant. Woutin sa kapab komanse tou dousman lè ti bebe a gen 3 mwa yo konsa.

 Yon bon woutin pou dòmi kapab yon seri menm aktivite chak swa nan menm lòd la. Tankou benyen, bwose dan( si bebe gentan gen dan), mete pijama, li yon istwa, bese limyè yo. Objektif la se rive kreye yon anbyans kalm. Epi lè pou dòmi an se yon bon okazyon pou pase tan poukont ou ak bebe .

Lè w fè aktivite sa yo nan menm lè chak jou, wap ede bebe adapte l ak woutin. Men pa bliye ke lavi a pa toujou yon liy dwat, sa ka rive ou dwe chanje abitid ou yo. Pa enkyete w twòp si bebe pa fè syès li oubyen al kouche pi ta ke dabitid. Jis reprann woutin nan kan sa posib.

Ti bebe w la inik

Chak bebe diferan. Chèche konnen konpòtman l lè li fatige. Pa egzanp, gen ti bebe ki vin difisil, ajite oubyen kriye. Gen lòt se zye yo yo fwote,fè grimas oubyen rale zòrèy yo. Rete atantif ak siyal sa yo epi mete l kouche anvan li vin twò fatige. Epi lè w mete bebe nan kabann li pandan lap kabicha sa kapab ede l dòmi poukont li. Sa ap aprann li kalme l pou l ka redòmi si li ta reveye.



Lis referans yo

Atik sa sòti nan aplikasyon "bébé plus". Se "Philips Avent" ak kèk psikològ devlopman ki ekri l.