Kontribitè yo:
Tradiksyon

Rityèl dòmi kay ti bebe

Dòmi se yon fonksyon ki enpòtan anpil. Poutan moun pa fèt tou konn dòmi, se yon aprantisaj li ye. Se sak fè li nesesè pou paran yo akonpanye ti bebe yo pou yo kapab aprann dòmi nan lè yo dwe domi.

Gran tit sekyon yo

Enpòtans pou tabli yon rityèl pou dòmi lakay ti bebe yo

Si w t li liv sou ti bebe oubyen pale ak lòt manman ousinon papa wap deja konnen enpòtans yon rityèl dòmi. Lè w pèmèt yon ti bebe gen yon rityèl dòmi regilye ak pèzib ou tou pèmèt li konnen lè pou li al dòmi. Yon bon rityèl pèmèt ti bebe a detann li epi dòmi byen.


Se yon bon moman tou pou kreye lyen ak ti bebe a. Se moman ideyal pou detann ou epi pou chouchoute ti pitit ou. Si w bay bebe bibwon patnè w kapap pafwa pran responsablite rityèl sa. Sa ap pèmèt ou repoze w epi pèmèt yo tou pase tan ansanm epi kreye lyen. Si se tete ou bay bebe, patnè w kapab fè rityèl la apre bebe fin tete ( oubyen si w vle ou ka tire lèt la mete nan bibwon).


Li pa nesesè pou tabli yon rityèl depi premye jou a, byenke menm ti bebe ki fenk fèt benefisye anpil avantaj nan sa. Rityèl pou dòmi an ede ti bebe yo konprann diferans lajounen ak lanwit epi tabli yon bon rit sikadyen.


Pou bebe an kapab byen fè diferans lan entèraji toutotan w kapab ak li anpil lajounen . Fè yon jan pou pyès ou ye yo byen klere. Sòti, pwofite de limyè solèy la. Tout bagay sa yo ap fè ti bebe a konprann ke lajounen fèt pou rete reveye . Pa bliye fè kontrè yo lannwit. Mete l nan yon anbyans kalm,bese limyè yo. Aprann bebe ke lanwit fèt pou dòmi.


Mete yon rityèl dòmi ki ap detann bebe a.Ou kapab fè yon seri aktivite tankou benyen l, fè masaj pou li, ba li tete oubyen bibwon, fè l tande bèsez ak chouchoute l anpil. Evite aktivite ki ap twò stimile l. Tankou si masaj la pa egzanp vle transfòme an gwo kout ri kite l pou lajounen.


Kelkeswa aktivite ou chwazi, sa ki enpòtan se rete koyeran. Ou kapab modifye routin sa tou epi itilize l lajounen nan lè pou bebe fè syès li. Pa bliye wap bezwen chanje bagay yo pandan ke bebe ap grandi. Sa ka rive ou fè anpil titato avan w jwenn ki aktivite ki pi bon pou bebe avèw selon stad li ye nan devlopman l.






Lis referans yo

Atik sa soti nan aplikasyon "bébé plus" se "Phillips Avent " ki redije l an kolaborasyon ak kèk psikològ devlopman