Kontribitè yo:
Tradiksyon
Anviwonman

Mangwòv

Mangwòv se yon tip EKOSISTÈM ou jwenn nan zòn twopikal. Se yon ekosistèm tou ki enpòtan anpil pou konsèvasyon tout kalite espès. Sepandan, se youn nan ekositèm ki pi menase nan mond lan, sa ki fè gen anpil mezi ki pran pou pwoteje mangwòv yo.

Gran tit sekyon yo

Ki sa mangwòv yo ye e ki karakteristik yo?

Mangwòv yo se yon tip ekosistèm nou jwenn plis nan zòn kot yo epi nan z zòn imid. Yo jwenn yo tou nan zòn twopikal, plis presizeman nan rejyon ki gen marekaj epi ki gen anpil dlo. Se yon seri ekosistèm vrèman rich nan sa ki gen pou wè ak biyodivèsite, se rezilta kontak sere sere ant milye terès ak milye maren - ki vle di, lanmè ak larivyè yo. 

Yo se ekosistèm tou ki trè enpòtan pou pwòp byennèt nou ak pou sante planèt la, paske yo founi anpil BYEN AK SÈVIS ANVIWONMANTAL. Mangwòv yo jwe yon wòl fondamantal nan konsèvasyon divès espès plant ak bèt (gen anpil nan yo ki menase) e yo kontribiye nan ralanti ewozyon sòl yo, lè yo fikse tè an epi anpeche sediman vin fè pil sou plaj yo. Laplipa mangwòv yo ou jwenn yo sou kontinan ameriken, men nou kwaze yo tou ann Afrik, ann Azi ak Oseyani. Pa egzanp, nan peyi Brezil nou jwenn mangwòv sou tout kot yo ( soti nan Nò rive nan Sid). Se peyi ki posede pi gwo sipèfisi mangwòv nan mond lan, li genyen apeprè 20 000 km² mangwòv.


Mangwòv ak Mangliye

Mangliye yo se espès pyebwa ki pi dominan nan mangwòv yo. Se yon seri pyebwa ki leve sou tout kot, rivyè yo ak bouch larivyè yo (lanbouchi) epi yon bon pati nan kò pyebwa sa yo (twon an) nan dlo sale. Mangliye yo se pyebwa ki trè rezistan, yo kapab viv nan kondisyon ekstrèm tankou labou, sab, boubye, marekaj, (dlo a konn jiska 100 fwa pi sale pase lanòmal) ak kote ki cho ki ta petèt touye nenpòt lòt espès vejetal. Rezistans sa an pati soti nan lefèt ke pyebwa sa yo posede yon gran kapasite adaptasyon, tankou sistèm filtrasyon ki anpeche yon gran kantite sèl antre. Yo gen yon sistèm rasin ayeryen tou ki pèmèt yo drese malgre sediman toujou ap chanje kote li enstale. Lèfini tou, yo gen yon sistèm ki ede rasin yo chèche oksijèn nan sifas dlo a (kantite oksijèn nan ekosistèm sa limite).

Nan peyi twopikal kote siklòn, tanpèt ak ouragan konn frape, mangwòv yo trè itil paske yo pèmèt limite dega van, fòs vag yo, menm nan ka ta gen sounami.

Fwi mangliye yo gen fòm frenn. Fòm sa enpòtan anpil paske li pèmèt yo antre nan sibstra a lè yo tonbe ladan, li pèmèt yo flote pandan yon bon moman sou long distans jiskaske yo jwenn tè pou yo poze.

Tip Mangwòv / Espès reprezantatif

Genyen plizyè tip oubyen varyete mangliye, yo rele yo mang tou :

Mang nwa

Mang chandèl wouj

Mang blan oubyen gri

Mang bouton

Nou jwenn mang chandèl wouj la nan mangwòv ki arebò lanmè a, yo nan yon dlo ki fon anpil. Mang nwa li menm nou jwenn li nan mangwòv ki gen ti touf bwa yo, nan dlo ki pa twò fon. Mang blan li menm, nou jwenn li nan zòn sèk yo.


Ki jan mangliye yo repwodwi?

Pou yo siviv ak repwodwi nan mangwòv la, mangliye yo adopte yon modèl pou yo jèmen ou pa jwenn souvan, se yon fòm vejetal kote grenn lan jèmen anndan kò bwa a.

Olye pou li riske al nwaye oubyen toufe, grenn mangliye chandèl wouj ak blan an jèmen pandan yo toujou sou pye a. Lè rasin yo fin devlope ase, ti plantil mangliye a yo detache sot sou manman bwa a, kon sa mare a (kouran) ka al lage l kote l apral leve a gras ak metòd flotezon an.


Flò ak fòn mangwòv yo

Ekosistèm mangwòv yo abrite yon gwo biyodivèsite espès, kèk ladan yo se sèl nan ekosistèm sa ou jwenn yo.Yo fòme yon fòn bèt patikilye akoz karakteristik mare yo (kouran) ansanm ak lòt faktè nan ekositèm sa yo. Fòn mangwòv yo fòme avèk yon gran kantite zannimo tankou:

Kristase (pwason kòf)

Pwason

Molisk

Zwazo

Reptil

Anfibyen

Mamifè

Pa egzanp nou kapab jwenn krab, krevèt, zwit, kwokodil, kobra, leza, tòti, makak, otari, krabye, karanklou, mwèt, malfini, vè. Ansanm, fòn ekosistèm sa yo konpoze youn nan  zòn entèmedyè ki pi pwodiktif ak konplèks nan ekosistèm terès ak maren.

Nan sa ki konsène plant  mangwòv yo, akoz kondisyon milye labou li genyen yo, nou jwenn espès vejetal nou rele mangliye a e genyen prensipalman twa espès pye mangliye:

Mang blan (Laguncularia racemosa)

Mang nwa (Avicena germinans)

Ak Mang chandèl wouj (Rhizophora mangle)

 


Pou ki sa mangwòv yo enpòtan?

Mangwòv yo se ekosistèm enpòtan pou rezon sila yo:

·       Yo pwodwi yon gran kantite matyè òganik

·       Yo kenbe sediman, yo filtre dlo ki alimante nap freyatik yo epi yo kenbe dechè ak sibstans toksik ki pral nan lanmè a.

·       Yo desale dlo ki antre sou kontinan an, lò yo fòme rezèvwa nan zòn pa anndan yo.

·       Yo pwoteje zòn kotyè yo kont ewozyon dlo ak van epi kenbe sab sou plaj la.

·       Mangwòv yo bese konsekans chanjman klimatik yo lò yo absòbe gaz EFÈ KAY VITRE yo

·       Mangwòv yo estabilize klima lokal la

·       Yo enfliyanse jan moun yo viv nan kominote lokal yo.


Prensipal pwoblèm anviwonman mangwòv yo

Mangwòv yo se ekosistèm ki enpòtan anpil pou planèt la, men tou se yo ki plis menase nan mond lan. Prensipal pwoblèm anviwònman ki afekte mangwòv yo se sa yo:

·       Polisyon

·       Okipasyon teritwa yo a

·       Pil aktivite touristik yo

·       Rechofman planèt la

·       Eksplwatasyon san mezi resous natirèl yo

Mangwòv yo avèk mangliye yo rann moun anpil sèvis ekolojik ak ekonomik. Yo favorize lapèch nan zòn kotyè yo e menm pafwa sa yo rele ekotouris la. Gen operatè touristik ki pwopoze vizite peyizaj sa yo nan kayak oubyen kanoye kon sa moun ap kapab obsève bèt ki nan ekositèm sa.

Se pou rezon sa te oblije gen lwa ki kreye pou pwoteje ekosistèm sa yo an patikilye, e nan anpil peyi mangwòv klase kòm zòn prezèvasyon nètale. 26 jiyè se jou yo kenbe kòm jounen entènasyonal pou defans mangwòv yo.


Lis referans yo