Kontribitè yo:
Anviwonman

Byen ak Sèvis Ekosistèm

Pou pale de Byen ak Sèvis Ekosistèm yo nou kapab wè yo kòm benefis sosyete nou yo jwenn epi pran nan lanati. Se yon konsèp ki pa la twò lontan li plis vize ekosistèm yo nan yon seri atribi, yon seri vektè byennèt, ki rann lavi posib pou èt imen yo.


Gran tit sekyon yo

Byen ak Sèvis ekosistemik

Ekosistèm ( terès ak lanmè ) yo pwodwi anpil benefis sou divès fòm pou limanite, nou konnen yo sou non "Byen ak Sèvis ekositemik". Byen ekosistèm yo pwodwi yo gen ladan yo : nouriti (vyann, pwason, legim, elt), dlo, kabiran ak bwa tandiske sèvis yo genyen yo nan apwovizyonman dlo ak pirifikasyon lè, resiklaj natirèl dechè, fòmasyon sòl, polinizasyon ak mekanik ki kontwole fenomèn natirèl yo, ki lage pou kont li, li itilize yo pou kontwole kondisyon klimatik lan ak popilasyon zannimo ak lòt òganism yo. Kidonk, anpil nan byen ak sèvis sa yo te toujou disponib gratis, yo pa nan mache, yo pa gen pri, vrè valè yo alon tèm, yo pa nan estimasyon ekonomik lasosyete. Ekspè yo idantifye 4 tip sèvis, ki endispansab pou la sante epi byennèt moun:

1. Sèvis apwovizyonman : yo founi byen tankou nouriti, dlo, bwa ak fib;

Pa egzanp:

Sibstans espès vejetal yo pwodwi tou natirèlman an konstitiye 50% pwodwi de baz medikaman y ap preskri nou nan lopital yo.

Gen pwodwi alimantè tankou pen, diri, patat, menm jan ak fwi ak legim ki nan yon alimantasyon ekilibre depann de kilti ak plant.

Lèzòm itilize bwa pou konstriksyon an jeneral, pou chofaj ak pou abita. Se nan atravè pyebwa yo ke lanati bay pwodwi sa a.

Zannimo tankou mouton, nou pa sèlman fè lelvaj ak yo pou nou manje ou byen pou vann, depi plizyè syèk limanite ap itilize lenn li pwodwi pou abiye elt.

 

2. Sèvis regilasyon : yo kontwole fenomèn natirèl ki gen bezwen pou sistèm nan kontinye byen fonksyone. Tankou, ekosistèm yo patisipe nan kenbe ekilib klima a (tanperati, presyon atmosfè a, presipitasyon, van yo...). Yo regle rejim, distribisyon ak disponibilite dlo yo (egz. Inondasyon, sechrès, debi rivyè). Ekilib nan dekonpozisyon dechè oubyen pwopagasyon maladi se kèk pami sèvis ekosistèm yo bay nan Lanati.

 

3. Sèvis Kiltirèl : yo konsène bote, enspirasyon ak rekreyasyon ki kontribiye a byennèt espirityèl nou. Genyen ekosistèm ki genyen yon enpòtans espesyal pou pèp ki ap viv ladan li yo. Nan ekosistèm sa yo, nou jwenn mwayen pou apresye, remèsye epi antre an kontak ak espri ke nou kwè ladan yo yo ki la pou pwoteje n. Konsa tou ekosistèm lan pèmèt nou santi nou makonnen ak zansèt nou yo ki te viv oubyen pase nan ekosistèm sa tou. Se nan sans sa pa egzanp, ekosistèm ki nan kaskad Sodo a nan peyi Ayiti se yon gwo senbòl kiltirèl.

Ekosistèm yo bay atis yo enspirasyon pou yo pwodwi bèl zèv ki patisipe nan byenèt sosyete yo ap evolye ladan l yo. Yo bay espas tou pou sèvi kòm yon gran laboratwa kote nou kapab puize pou ogmante konesans syantifik nou. San bliye koze touris, moun ki ap soti nan yon espas pou vin vizite lòt espas senpleman pou bote ekosistèm lan. Se ka, pa egzanp So Matirin (Kanperen, Ayiti), Plaj Pwent Sab (Pò Sali, Ayiti), Zile Akaden yo (Kanal Sen Mak, Ayiti).

 

4. Sèvis asistans : yo gen ladan yo, fòmasyon sòl, fotosentèz ak resiklaj sibstans fètilizan, ki san yo menm pa t ap gen ni kwasans ni pwodiksyon.

Se gras ak fotosentèz vejetal yo ki fè lavi posib sou Latè. Fotosentèz la se fenomèn kote vejetal vèt yo (akoz klowofil yo gneyen nan selil yo) kaptire gaz kanik ak vapè dlo ki nan atmosfè a sou enfliyans limyè solèy la pou li kapab bay sik, oksijèn ak dlo. Twa sibstans sa yo se baz lavi. Sèvis sa, ekosistèm yo bay la sipòte kontinite lavi.

Yon lòt fason ekosistèm yo bay asistans ankò se nan fenomèn polinizasyon an. Anpil ensèk, kèk zwazo ak mamifè tou, lè yo ale niche nekta nan flè yo tou pote polen sou kò yo epi al fegonde lòt flè. Lasyans rapò plis pase 80% nan tout plant nou itilize nan agrikilti pa tap kapab kiltive ankò si nou ta pèdi polinizatè yo.


Lefèt ke anpil sèvis enpòtan poko rive idantifye, nou adopte yon apwòch konsèvatwa pou nou prezève kapital natirèl nou yo.

Gen anpil menas sou Byodivèsite an, alòske li esansyèl pou pèmèt ekosistèm yo sibziste, majorite ladan yo fin disparèt. Chanjman nan itilizasyon sol yo, entansifikasyon kilti agrikòl yo ak ibanizasyon, eksplwatasyon san kontwòl, polisyon, chanjman klimatik ak anvayisman nouvèl espès ki apral nan konkirans ak flò ak fon ki te la deja sa ki pral andomaje tou ekositèm natirèl yo. Yon fwa yo fin detwi, restorasyon yo ap mande anpil lajan e pafwa li konn enposib pou fè tou.

Moun ki pa gen gwo mwayen, patikilyèman nan peyi an devlopman yo, yo plis ekspoze anba risk pou yo pèdi byodivèsite yo youn apre lòt, paske pi souvan apwovizyonman byen ak sèvis yo depann dirèkteman de ekositèm yo. Sa ki montre aklè ke n ap gaspiye kapital natirèl planèt la. Prezèvasyon ekositèm yo se yon devwa etik menm jan se yon nesesite pratik, pou jenerasyon ki la ak sa k ap vini yo. Limanite dwe konprann ke se yon ti pati tou zuit li ye nan kreyasyon an e ke nou paka kontinye ap eksplwate planèt la kon sa san n pa peye ankenn pri pou sa

Lis referans yo