Kontribitè yo:
Lang

Astis pou leve yon timoun ki pale 2 lang

Timoun ki leve nan yon fanmi ki pale 2 lang gen yon avantaj nan pale. Pi bonè timoun nan kontre ak yon dezyèm lang pi vit li ap aprann lang sa.

Gran tit sekyon yo

Entwodiksyon

Nan sosyete nap viv konnya gen anpil avantaj pou pale de oubyen plis ke de lang. Sa pèmèt timoun yo kapab kominike avèk lòt fanmi oubyen zanmi ki pale lòt lang.

Leve yon timoun pandan wap montre l pale de lang kapab pèmèt sèvo l devlope pi byen. Si w gen entansyon leve yon timoun ki pale de lang , men kelke astis ki kapab ede w komanse.

1.Fè kelke rechèch

Gen anpil liv, blòg ak anpil atik ki disponib pou ba w yon bann konsèy ki kapab ede w nan avanti sa. Gen anpil gwoup soutyen an liy tou ki rasanble paran kap viv menm sitiyasyon ke ou menm. Plis w ap fè rechèch plis w ap prepare pou leve timoun ou an nan yon anbyans bileng. Li liv, abone w ak blòg ki la pou sa epi rantre nan gwoup soutyen pou paran, yon fason pou travay la pi fasil nan men w.

2.Yon paran yon lang

Anpil fanmi kreye yon anviwonman kote 2 lang pale nan kay la. Nan ka sa chak paran pale ak timoun nan nan yon lang diferan. Pa egzanp pandan papa ap pale fransè oubyen anglè manman ap pale kreyòl, oubyen envès la. Regilarite ap fasilite devlopman konpetans timoun nan nan lang yo.

Se vre, timoun nan ap toujou tande pale kreyòl la souvan lè l pa lakay li, men siw angaje w pou toujou pale ak li an franse ou anglè sa ap ede l komanse konprann de lang yo.

3.Frekans

Pou yon timoun pale de lang nèt li dwe tande de lang yo pi souvan ke posib. Men sa pa vle di ke w pa ka pale ak li nan youn nan lang yo sèlman pandan 1 è tan pa jou. De lang sa yo dwe toujou pale souvan nan kay la. Sa ap mete tout chans yo bò kote timoun nan pou l demare .


4. Rantre an kontak ak lòt fanmi

Chèche rantre an kontak ak lòt fanmi ki pale de lang. Òganize reyinyon avèk yo, sa ap pote yon okazyon an plis pou timoun nan ranfòse konpetans li nan lang yo. Chèche gwoup pou timoun bileng an liy sou katye w la.

Si w pa jwenn , ou kapab anvizaje kreye youn. Tout sa wap bezwen se yon kote pou fè rankont yo ak kelke jwèt. Sa ap bay timoun nan plis opòtinite pou reyaji nan lòt lang lan.

5.Resous ki disponib pou wou

Menm trè jèn , ti bebe yo renmen lè yo ap li istwa pou yo avan yo al kouche. Liv istwa yo se yon opòtinite an plis pou ede yo devlope yon lang. Kidonk asire w ke w gen liv nan tou de lang yo. Si w ta vle aprann timoun nan anglè oubyen fransè, li istwa nan lang sa yo pou li avan li al dòmi, se yon bon jan zouti . Lè timou nan ap pi gran, ou ka gade emisyon an anglè oubyen fransè avè l, epi itilize de seri aplikasyon preskolè pou li kapab rive jwenn konpetans nan lang ou vle aprann li an.

Lis referans yo

Atik sa sòti nan aplikasyon ki rele "bébé +".Se Philips Avent ki ekri l an fransè.